Connect with us

Bíblia HAT

Salmos 130

1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.

2 Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.

3 Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?

4 Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.

5 Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.

6 N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!

7 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.

8 Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.

Continuar Lendo

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply