Connect with us

Bíblia HAT

Esdras 7

1 Kèk tan apre tout evènman sa yo, sou rèy Atagzèsès, wa peyi Pès la, te gen yon nonm yo te rele Esdras ki te soti nan branch fanmi Arawon an. Papa l' te rele Seraja. Seraja te pitit Azarya, Azarya te pitit Ilkija.

2 Ilkija te pitit Chaloum, Chaloum te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Achitoub.

3 Achitoub te pitit Amarya, Amarya te pitit Azarya, Azarya te pitit Merajòt.

4 Merajòt te pitit Zeraja, Zeraja te pitit Ouzi, Ouzi te pitit Bouki.

5 Bouki te pitit Abichwa, Abichwa te pitit Fineas, Fineas te pitit Eleaza, Eleaza te pitit Arawon, granprèt la.

6 Esdras te yon nonm save ki te fò anpil nan lalwa Seyè a, lalwa Bondye pèp Izrayèl la te bay Moyiz la. Li t'ap travay ak wa a. Wa a te bay Esdras tou sa li te mande l', paske Seyè a, Bondye li a, t'ap pwoteje l'. Se konsa li kite lavil Babilòn pou l' moute lavil Jerizalèm.

7 Anpil lòt moun nan pèp Izrayèl la, nan prèt yo, nan moun Levi yo, nan sanba yo, nan gad tanp yo ak lòt travayè yo, te pran wout la moute lavil Jerizalèm ansanm ak li. Lè sa a, wa Atagzèsès te nan setyèm lanne rèy li.

8 Yo rive Jerizalèm nan senkyèm mwa setyèm lanne rèy Atagzèsès la.

9 Yo te kite lavil Babilòn premye jou nan premye mwa a. Epi yo rive lavil Jerizalèm premye jou nan senkyèm mwa a, avèk pwoteksyon Bondye.

10 Esdras te pase tout tan li ap etidye lalwa Seyè a. Li t'ap swiv tou sa ki ladan l'. Li t'ap moutre pèp Izrayèl la tout lòd ak tout regleman Seyè a.

11 Men kopi lèt wa Atagzèsès te renmèt Esdras, ki te yon prèt ak yon nonm save. Li te dòktè nan zafè lalwa ak kòmandman Seyè a te bay pèp Izrayèl la.

12 Men lèt Atagzèsès, gran wa a, te ekri bay Esdras, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la! -Koulye a,

13 mwen bay lòd nan tout peyi m'ap gouvènen yo pou tout moun nan pèp Izrayèl la, nan prèt yo osinon nan moun Levi yo, ki vle ale avè ou lavil Jerizalèm, pou yo kite yo ale.

14 Se mwen menm, wa a, ansanm ak sèt konseye m' yo ki voye ou al fè enspeksyon nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm pou ou wè ki jan moun yo ap swiv liv lalwa Bondye ki nan men ou lan.

15 W'a pran avè ou ajan ak lò wa a ansanm ak konseye l' yo te fè lide bay pou Bondye pèp Izrayèl la, ki gen tanp li lavil Jerizalèm.

16 W'a pote tou tout ajan ak lò y'a ba ou nan tout pwovens Babilòn lan ansanm ak ofrann pèp la ak prèt yo te fè lide voye paske yo vle fè l' pou kay Bondye a nan lavil Jerizalèm.

17 Konsa, avèk tout ajan sa a w'a achte towo bèf, belye mouton, jenn ti mouton ansanm ak grenn jaden, grenn danre, diven ak lwil ki pou mache ak yo. Epi w'a ofri yo sou lotèl la nan tanp Bondye ou la ki lavil Jerizalèm.

18 Avèk ajan ak lò ki va rete a, ou menm ak frè ou yo, n'a fè sa nou vle avè l', depi sa nou fè a dakò ak volonte Bondye nou an.

19 W'a pran tout veso yo te renmèt ou nan men pou sèvi nan tanp Bondye ou la, w'a mete yo nan tanp lan lavil Jerizalèm, devan lotèl Bondye ou la.

20 Si gen lòt bagay ou bezwen ankò pou tanp Bondye ou la, ou mèt pran nan kès wa a pou achte yo.

21 Mwen menm, wa Atagzèsès, mwen pase lòd bay tout trezorye leta ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo bay Esdras, prèt la, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la, tou sa l'a mande yo san pran reta,

22 depi sa l' mande a pa depase an total sanvenmil ons ajan, sisansenkant (650) barik ble, sisan (600) galon diven, sisan (600) galon lwil oliv. Pou disèl la, y'a ba li valè li bezwen.

23 Se pou ou sèten yo bay tou sa Bondye ki nan syèl la mande pou tanp li a, san manke anyen, pou Bondye pa janm fache sou mwen, ni sou pitit ki va gouvènen peyi a apre m'.

24 Epi m' fè nou konnen yo pa gen dwa fè ni prèt yo, ni moun Levi yo, ni sanba yo, ni gad tanp yo, ni domestik yo, ni okenn lòt moun k'ap sèvi nan tanp Bondye a, peye okenn taks, okenn kontribisyon ni okenn dwa lese pase.

25 Ou menm menm, Esdras, avèk bon konprann Bondye ba ou a, w'a chwazi majistra ak jij pou gouvènen tout moun pèp Izrayèl yo k'ap viv dapre lalwa Bondye ou la, nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Si genyen ki pa konnen lalwa a, se pou ou fè yo aprann li.

26 Tout moun ki pa mache dapre lalwa Bondye ou la osinon dapre lòd wa a bay la, se pou yo san pitye pou yo lè y'ap pini yo pou sa yo fè a. Sa pou yo touye y'a touye. Sa pou yo depòte y'a depòte. Sa pou yo fè peye amann y'a fè peye amann. Sa pou yo mete nan prizon y'a mete nan prizon!

27 Lè sa a, Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l' fè tout bèl bagay sa yo pou tanp Seyè a lavil Jerizalèm.

28 Li fè m' jwenn favè devan wa a, devan konseye l' yo ak tout lòt gwo zotobre k'ap travay ak wa a. Li te ban m' kouraj, mwen te rive sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la pou yo pati avè mwen!

Continuar Lendo

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply